Haiculture:  An haitian prospective on the Internet Aux-Cayes.Com
   
• Page d'Acceuil

Ecole de Musique LOUIS ACHILLE OTHELLO BAYARD

La musique mérite d’être la seconde langue obligatoire de toutes les écoles du monde

Par: Carvel Paul

Nan Okay gen youn gwo lékol mizik ki louvri pôt-li dépi mwa janvyé 2004.-Lékol si-la poté non Louis Achille Othello BAYARD.-Doktè Othello Bayard,moun Okay,sété youn gwo mizisyen,kite kon’n jwé vyolon.-Sé li ki konpozé bel chanté yo rélé: Ayiti Chéri.-a- Lékol si-la sé pitit fondasyon chimen vérité pou lédikasyon.-Li gen youn komité 5 manb nan tèt-li avek Macome Lubien kom’m prézidan fondatè.-Youn ékip de 8 moun la, pou véyé sou bon’n mach lékol-la.-Men non yo:Me Carine Alexis,Dr Frantz Chaudry,Me Toyo Clergé,Mme Mary May Guillaume,Me Hervé Guillaume,Dr Robert Léger,Mr Nathan Lethan,R.P. Benoit Tulce.-

Lékol la,gen youn direktè ki responsab zafè étid elèv-yo,sé Mr Prenel Jeanty ki an mèm tan profesè solfej.-Nan zafè pratik ou gen:

Profésè Antoine Jonas kap bay kou solfej e apran’n elèv-yo jwé twonpèt
Alabre Julbroche kap apran’n elèv yo jwé twonpèt
Americain Francois……………………….Klarinèt
Leveillé Wildy……………………………..flit travèsiè
Georges Ynold…………………………….twonbon’n
Felix Phigaro……………………………….Sax
Reginal Caseus,ki soti P.au.P………………Violon
Elysee Jn Claude……………………………Viola

E lèkol la bezwen profésé pou violoncello,kontrebas,perkisyon,maestro pou koral 1er fanfa lékol-la rélé fanfa Destinoble Barrateau
Okes filamonik lékol la rélé Okes Théoma Francois
Kout chapo pou nou Mésié.-

Mwen ta mandé tout moun Okay an dedan ou byen deyô peyi-a pou yo poté colé Edé lékol-la nan mysyon,l fômé bon jan mizisyen clasik,an mêm tan tou li bay jen nou yo youn okasyon pouyo pi itil,e yo pap gen tan pouyo nan vis ak fè sak pa sa.-
Zanmi mwen yo men chanté Aity Chérie Dr bayard -a

Haïti chérie

Parole et musique: Dr. Othello Bayard, Cayes

Haïti chérie, pi bon pays passé ou nan poin.
Fok mwen te kite ou pou mwen te kab konpren valè ou,
Fok mwen te manké ou poum te kab aprésié ou,
poum senti vrèman tou sa ou te ye pou mwen.
Gen bon solèy, bon riviè et bon breuvage,
an ba pie bwa ou toujou join bon lonbraj,
gen bon ti van ki ban nou bon ti fréchè,
Haïti Thomas, sé you pays ki m'est chè

-2-

Lò ou nan pays blanc, ou gen you vié frèt ki pa jam bon.
Et tout la jounin ou obligé pé boulé chabon.
Ou pa kab ouè clè autant ciel la rét en deuil
Et pendant six mois tout pié bwa pa gen yen fèy.
Nan pays mwen, gen yen solèy pou bay chalè.
Durant l'année, tout pié bwa pé bay lonbraj,
bon brise de mer toujou souflé sur nos plages.
Haïti Thomas, sé you pays qui m'est chè!

-3-

Quand ou nan pays blanc ou wè tout figu you seul coulè.
Nan poin mulatresse, bel marabou, bel griffonne créole.
Ki rinmin bel robe, bon poud et bon odè,
ni bel jeune négresse ki kon di bon ti parol.
Nan pays mwen, lò tout bel moun sa la yo
sòti lan messe ou sòti nan sinéma,
sé pou gadé, sé pou rété diol lolo,
a la bon pays sé ti Haïti Thomas!

4-

Lò ou nan pays blanc, ou pa wè mango ni coque du tout,
Nan poin sapoti, ni bel caïmite vèt ou violèt.
Nan poin zannanna, ni bel ti pomme cajou
ki ban nou bon noix pou nou fè bon ti tablette.
Ou join zorange ki sòti en Italie,
min ki finnin, ki toujou moitié pouri.
En Haïti, sa si bon sé koupé dwèt;
Et sous ce rapport, nou bay tout lòt pays fwèt.

-5-

Lò ou nan pays mwen, koté ou passé tout long chemin,
Sé bonjou kompè et makonmè et pitit la yo?
Sa'n pa wè konsa, manyè rentré ti brin,
Poun bwè ti kichoy, pou nou joué deux ti kout zo.
Fin' bay lan min, sé rentré nan gran palé,
sé politik, sé mauvaise situation,
Sa pou nou fè, sé pou nou pran li koul yé,
min bon dié si bon, la ban nou bénédiction.

-6-

Lò ou lan pays blanc, si ou pé prominnin, nuit kou jou,
Tout moun pé maché pressé pressé wa di sé chin fou.
Koté yo pralé, pouki yap kouri kon sa?
Yo pé pèdi temps, yo pa jam di: "Kouman sa"?
Nan pays mwen, moun pas rété avec l'heu.
Gen libèté, ou gen temps pou pran frécheu.
Koté ou passé, sé bonjou, sé bay lan min.
Moun pa jam pressé, yo causé tout long chemin.

-7-

Lò ou en Haïti, ou pa jam manqué temps pou soufflé.
Sak pa fèt jodi, ou kab fè li demin si ou vlé.
Quand demin rivé, kél bon ou kél pa bon,
sa pa fè an yen tout moun kon di bon dié bon.
En Haïti, moun pa jam désespéré.
Nou gen la foi nan you Dieu ki pa jam manti.
Nap fè jodi quand demin pa assuré,
a la bon pays, oh! mon Dieu sé Haïti

...




 

 
The Medozile Network